VOICI SA DECLARATION A SON PUBLIC
Nap profite remersye tout zanmi ki pre , ki loin , tout fanatik nou yo , tout odite e tout sila yo ki konn pran plezi koute emisyon nou yo soti depi Radio Nationale pou rive nan Radio Vision 2000 en pasan pa Radio Galaxie , map di nou tout merci e map profite annonce nou ke mwen pa nan Radio Vision 2000 encore , mwen pran plezi pou m al kolabore ak yon zanmi , yon frere Daly Valet ak tout res ekip ki nan Radio Trans Inter ke nap gen chans pou nou tande sou 98.1 fm , preske sou tout peyi an , e sou site internet www.radiotransinter.com .
Mwen te fe yon ti kanpe sou radyo se paske jan nou te konnen l lan , mwen te pran yon ti tan pou m te ale nan afe politik pou m te kapab ale servi peyi a nan yon lot nivo e sitou mwen te kwe ke ale nan palman an tap permet mwen fe passe ide m toujou genyen pou mizik la ak pou tout atis yo , nan mitan sila yo ki ap pran decizion pou natyon an . Nou pa rive rantre nan palman an , men nou profite ampil de experyans lan , paske pa janm genyen yon experyans ki perdu .
Mwen decide retounen nan radio ce an consantman avek fanmi m , madanm mwen ak de pitit mwen yo , ki kwe ke ce yon sacrifice ke m pral fe nan kite yo deye pou m al travay pou peyi a nan nivo kiltirel , e tou ce avek kolaborasyon , konsey tout zanmi avek atis yo e apresiasyon tout piblik la an general ke m decide retounen encore nan radio .
Travay fe promosyon mizik ayisyenn lan ce pa yon travay ki lye avek selman , mizik ki pase nan yon emisyon ou byen interviou ke w bay yon atis , li ale pi loin jiska marye avec zantray peyi a , ce sak fe li toujou difisil pou yon animate pa reusi travay li gen poul fe nan sans sa , sil pa konprann sa . Nou konsyan de travay nou fe , ke tout moun te parecye e ki make 10 dernier ane yo nan mizik la e pi tou make domen radio a an general , e se sak fe tout kote w pase ou ka toujou tande yon jen ki vle pale tankou louko desir nan tout radio nan peyi a . Nap profite voye yon gro kout chapo pou sa yo ki decide te suiv e kontinue suiv route ke nou te trace e map site Huguens , Mass design , Franco cap haitien , Luko Toussaint cap haitien , Sainturbin aux cayes , Prince meme Ouanaminthe avec tout lot yo ke nou paka site non yo la .
Nan Radio Trans Inter , nap genyen emisyon sa yo :
10 hr pou midi depi lundi pou rive vendredi nap genyen Haiti sou kompa
nan emisyon sa nap prezante nouvo group yo , fe promosyon pou album ki soti yo , analize yo , kompare yo avek sa ki paret deja sou mache a , recevwa atis yo ak promoteur e producteur , pandan ke nap jwe tout hit kap mache yo .
7 hr pou 9 hr nan aswe nap genyen le kompa et pourkoi pa
Nan emisyon sa nap genyen tout information kap pase nan industri mizikal la , avek komante analiz , nan kad ribrik ke nap genyen kap rele TI REZERV SPECIAL , ribrik sa pral ramplace ribrik SON LA RI A ke nou bte genyen sou vision 2000 .
Nap gen yon deba chak mercredi sou sa kap pase nan mizik la e pui evalue travay jen group yo , pou deba sa nap genyen plizye moun sou panel la , atis e latriye e pi piblik la ap gen chans pou paticipe nan deba sa . Chak lundi swa nap genyen yon jounal ke nap pase tout semen lan , journal sa ce ap yon rezume de tout sak te di e sak te fet nan semen pase an .
Chak samedi de 7 hr a 11 hr nap genyen Samedi soir en direk
Se yon emisyon kap fet en direk nan soiree ki programe nan night club yo e pi eveneman ke nap genyen pou nou organize yo , nan kad promosyon radio a .
Nap di tout moun merci ampil , nap derape nan komansman moi Mars la nap kominike nou , adres tout emisyon nou yo sou facebook , twitter , digg , linkedin , stumbleupon , tre byento , nap ka jwenn tout emisyon nou yo , sou youtube ak sou soundcloud .
Merci a ekip Radio Trans Inter pou konfyans yo place nan nou , nou kwe ke NOUVEL ANE KOMPA DIREK FEK KOMANCE .
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire